jedi 20 jen 2013, 05:52 GMT

Nouvèl / Entènasyonal

Bimani : Eliminasyon Tout Kontwòl sou Travay Laprès

x
Dimansyon Lèt yo - +
Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Gouvènman peyi Bimani an fè konnen lap sispann mete baboukèt sou près lokal yo ; sa vle di l ap sispann mande medya yo soumèt devan otorite yo tout sa y ap ekri pou kontwòl anvan piblikasyon.

Anons sa a vin elimine kontwòl Leta biman an sou laprès aprè plizyè dizèn dane kote otorite yo te mete baboukèt sou repòtaj nouvèl ak lòt fòm libète despresyon.

Ministè Enfòmayon Bimani an – ki te toujou kontwole tout sa moun tap bibliye sou jounal ou nan magazin- pale lendi a pou l di piblikasyon lokal yo pa gen obligasyon ankò pou yo voye kopi atik yo devan yon komisyon ki te la pou apwouve yo.
Fowòm sa a fèmen
Kòmantè
     
Poko gen kòmantè sou fowòm nan. Si ou vle, ou ka tounen premye moun ki kòmante sou li.

 

Swiv nou sou rezo sosyal yo