dimanch 26 me 2013, 04:06 GMT

Nouvèl / Entènasyonal

Larisi : Yon Vèdik anvan Lontan nan Zafè yon Gwoup Mizisyèn ki Kritike Prezidan Putin

x
Dimansyon Lèt yo - +
Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Yon jij ris ap pwononse vèdik li vandredi sou kondanasyon 3 fi ki manm yon gwoup mizikal nan Larisi ; gwoup la tonbe anba akizasyon deske manm yo se swadizan « hooligan » ou machann dezagreman, paske yo ta pase Prezidan Vladimir Putin nan betiz pandan yo t ap chante nan yon legliz nan vil Moskou, dapre sa k di nan akizasyon yo.

Komisè gouvènman an mande yon tribinal nan vil Moskou pou 3 akize yo pase 3 zan nan prizon poutèt yo te sèvi ak lapriyè pou fè pase yon mesaj politik andedan prensipal katedral ki nan kapital Larisi a.

3 zan kondanasyon se pèn minimòm akize yo kapab resevwa; pi gwo pèn nan ta kapab dire 7 tan.
Fowòm sa a fèmen
Kòmantè
     
Poko gen kòmantè sou fowòm nan. Si ou vle, ou ka tounen premye moun ki kòmante sou li.

 

Swiv nou sou rezo sosyal yo