madi 18 jen 2013, 22:39 GMT

Nouvèl / Lèzetazini

Afganistan: 2 Sòlda Ameriken Mouri anba Koutzam yon Polisye Afgan

x
Dimansyon Lèt yo - +
Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Òganizasyon Trete Atlantik Nò a, l’OTAN, fè konnen yon polisye afgan touye 2 sòlda ameriken vandredi maten nan pwovens Farah ki nan pati lwès Afganistan.

Alyans la di manm fòs entènasyonal la tire sou atakan yo ki mouri. Semèn pase a, manm lame ou lapolis Afganistan ou byen nèg ki te degize tankou polisye ou militè afgan, touye 6 manb lame amerikèn nan nan 2 atak separe.

Plis pase 33 manm kowalisyon an tonbe depi kòmansman ane a nan sa yo rele “atak vèt sou ble” , yon referans ak koulè inifòm manm lame afgan an ki vèt  ak inifòm manm fòs l’OTAN an ki ble.
Fowòm sa a fèmen
Kòmantè
     
Poko gen kòmantè sou fowòm nan. Si ou vle, ou ka tounen premye moun ki kòmante sou li.

 

Swiv nou sou rezo sosyal yo