Nouvèl / Lèzetazini

Felisitasyon Washington pou Oganizasyon Kowoperasyon Islamik la

x
Dimansyon Lèt yo - +
Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Lèzetazini prezante felisitasyon n bay Oganizasyon Kowoperasyon Islamik la poutèt li mete Siri deyò nan gwoup la.

Nan yon deklarasyon Depatman Deta fè parèt aprè òganizasyon an pran desizyon an, li di gwoup islamik la voye yon mesaj klè e fò bay rejim prezidan Bashar al-Assad e sa montre gouvènman siryen an ap tonbe plis toujou nan yon izolman entènasyonal.

Pandansetan, reprezantan Siri nan Nasyon Zini an, Bouthaina Shaaban, wete chapo l devan peyi Lachin ak Larisi pou pozisyon yo pran vizavi kriz la nan Siri.

Daprè diplomat la, kontrèman ak peyi oksidantal yo, Lachin ak Larisi “pa konpòte yo kòm kolonizatè”.
Fowòm sa a fèmen
Kòmantè
     
Poko gen kòmantè sou fowòm nan. Si ou vle, ou ka tounen premye moun ki kòmante sou li.

 

Swiv nou sou rezo sosyal yo