Accessibility links

Breaking News

12 Moun Mouri anba Bal nan yon Sal Simema nan Eta Kolorado

Lapolis nan eta ameriken Kolorado di omwen 12 moun mouri e plis pase 50 lòt blese anba kout-zam ki tire nan yon sal sinema nan yon ti vil ki rele Aurora, tou pre Denver.

Daprè otorite yo, ensidan an dewoule pandan moun te rasanble pou al wè, a minui, grand’ premyè dènye film nan seri Batman nan ki rele “The Dark Knight Rises”.

Film nan te fèk kòmanse lè yon nèg maske ki te chita devan nan sal la, te leve kanpe, li lanse yon bwat ki te genyen gaz lakrimojèn ladan n, epi san gadè dèyè misye ouvè kout-zam sou piblik la.

Temwen fè konnen atakan an pat gen pwoblèm pou l te ouvè kout-zam a bou pòtan sou yon timoun ki te tou prè li epi li touye ti lezanj la.
This item is part of
XS
SM
MD
LG