mèkredi 19 jen 2013, 10:37 GMT

Nouvèl / Lèzetazini

Plis Chinwa ap Aplike pou Viza Ameriken

x
Dimansyon Lèt yo - +
Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Yon gwo kantite sitwayen chinwa ap pwofite de desizyon Lèzetazini pran pou l fè chanjman ki adousi kondisyon pou moun peyi yo jwenn viza pou yo antre o Zetazini.

William Bent, se yon ofisyèl nan seksyon viza pou etranje nan Depatman Deta.  Daprè li, chanjman pozitif sa yo se rezilta konbine plizyè faktè: ogmantasyon kantite anplwaye k ap travay nan seksyon viza pou Lachin nan, agrandisman biwo a mete sou yon nouvo pwogram ki elimine nesesite pou aplikikan chinwa yo al fè entèvyou pèsonèlman anvan pou yo jwenn viza pou yo antre o Zetazini.

Misye Bent deklare:
“Pa egzamp, nou vini ak yon nouvo pwosede ki pral fè li pi fasil pou moun yo re-aplike pou viza. Anvan sa, moun yo te ka aplike si e sèlman si viza yo te gen mwens ke yon lane depi yo te ekspire. Kounyela a yo ka re-aplike menmsi viza yo ekspire depi 4 tan. Sa bay plis moun chans pou yo aplike pou yon viza san yo pa bezwen fè entèvyou.”
Fowòm sa a fèmen
Kòmantè
     
Poko gen kòmantè sou fowòm nan. Si ou vle, ou ka tounen premye moun ki kòmante sou li.

 

Swiv nou sou rezo sosyal yo