mèkredi 19 jen 2013, 06:49 GMT

Nouvèl / Lèzetazini

Kous la Sere-sere ant 2 Kandida pou Eleksyon Prezidansyèl yo Ozetazini

x
Dimansyon Lèt yo - +
Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Sondaj dopinyon ki pi resan yo pibliye sou  prezidan demokrat sòtan Barack Obama ak rival repibliken an, Mitt Romney, montre yon kouss sere-sere ant 2 kandida pou eleksyon  prezidansyèl mwa novanm 2012 yo.

Nouvo sondaj inivèsite Quinipiac la bay Prezidan Obama yon ti avans tou mens sou Mitt Romey swa 46 pousan anfavè lidè ameriken an e 43 pousan anfavè ansyen gouvènè eta Massachussetts la. Sondaj entèvni touswit  apre yon lòt ankèt nan menm sans la jounal Washington Post ak Chèn televizyon ABC ki te bay yo chak 47 pousan vwa.

Bò kote pa l, Mitt Romney resevwa yon akèy depaman nan Assosyasyon NAACP pou diskou li pwononse mèkredi 11 jiyè 2012 la devan pi  gwo òganizasyon dwa sivik ameriken an.

Mesye Romney di li reprezante yon pi bon chwa pase Prezidan Barack Obama pou l remete ekonomi amerikèn nan rekanpe sou 2 pye l, epi diminye to chomaj la pami elektè afriken-ameriken yo ki twouve l nan 14,4 pousan kounye a, swa pi plis lontan pase mwayèn nasyonal 8,2 pousan.
 
Piblik NAACP vil Houston, eta Tegzas la, te bat chalbari dèyè kandida repibliken an, espesyalman lè li te di li pral elimine lwa swen santè lidè ameriken si l monte kòm prezidan Lèzetazini nan eleksyon mwa novanm k ap vinn la a.
 
Kidonk, mwen pral elimine tout pwogram chè ki pa esansyèl tankou pwogram Obamacare, e mwen pral travay pou fè refòm e ekonomize lajan nan gouvènman an.

Prezidan Obama ki t ap fè kanpay nan eta Iowa fè konnen  piblik la repibliken an ap plenyen pou palmarès li sou pouvwa a, men yo pa ofri okenn plan spesifik pou regle pwoblèm chomaj, kwasans ekonomik ak defisi bidjetè a.
 
Mwen kwè yo pa genyen okenn plan konsènan kwasans ekonomik, yo pa genyen plan pou bay klas mwayèn nan jarèt, yo pa genyen okenn plan Iowa, se mwen menm ki gen yon plan.
Fowòm sa a fèmen
Kòmantè
     
Poko gen kòmantè sou fowòm nan. Si ou vle, ou ka tounen premye moun ki kòmante sou li.

 

Swiv nou sou rezo sosyal yo