vandredi 24 me 2013, 03:29 GMT

Nouvèl / Lèzetazini

Apèl Prezidan Obama pou Klas Mwayèn nan Peye Mwens Taks Epi pou Rich yo peye Plis

Prezidan ameriken an Barack Obama Prezidan ameriken an Barack Obama
x
Prezidan ameriken an Barack Obama
Prezidan ameriken an Barack Obama
Dimansyon Lèt yo - +
Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Prezidan Barack Obama mande kongrè a pa renouvle yon lwa ki bese nivo taks ameriken rich yo ap peye e ki preske echi, tandiske li mande palmantè ameriken yo bese taks pou klas mwayèn nan.

Misye Obama pwofite yon seremoni ki t ap dewoule lendi 9 jiyè 2012 la nan La Mezon Blanch pou l mande manm kongrè a pwolonje pou yon lòt ane rediksyon taks ki an vigè pou moun kap fè jiska 250 mil dola pa ane; daprè lidè ameriken an, yon aksyon konsa ta kapab evite yon ogmantasyon taks sou anviwon 98 pou san popilasyon amerikèn nan.

Prezidan Obama di:
“Nou bezwen politik k ap pèmèt klas mwayèn nan devlope e vin pi fò; politik ki ede nou kreye travay; ki bay moun plis posiblite pou yo jwenn edikasyon ak fòmasyon; politik ki ankouraje moun ouvè biznis oubyen ki ede yo kreye travay isit o Zetazini menm. Se sa ki fè m kwè li lè, li tan pou nou kite ekspire lwa ki bese taks sou ameriken rich yo –ameriken tankou mwen menm.”

Pwopozisyon Prezidan Obama a pral rankontre opozisyon nan Chanm dè Reprezantan an ki anba kontwòl Repibliken yo. Pi ta mwa sa a, chanm bas kongrè Lèzetazini an gen plan pou l vote pou l pwolonje yon rediksyon taks pou tout ameriken an jeneral.
Fowòm sa a fèmen
Kòmantè
     
Poko gen kòmantè sou fowòm nan. Si ou vle, ou ka tounen premye moun ki kòmante sou li.

 

Swiv nou sou rezo sosyal yo