vandredi 24 me 2013, 05:36 GMT

Nouvèl / Ayiti

Bilan Pasyèl Patisipasyon Prezidan Michel Martelly nan yon Somè CARIKOM nan Sent Lisi

x
Dimansyon Lèt yo - +
Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Nan okazyon 33e somè CARIKOM nan k ap dewoule nan Sent Lisi, Prezidan Michel Martelly, swete pou Ayiti tire benefye klè kòm manm blòk rejyonal la e pou benefis sa yo makònen ak bezwen reyèl pèp ayisyen an. 

Daprè yon nòt ki sòti nan biwo kominikasyon prezidans la, Misye Martelly mande pou fransè tounen yon lang ofisyèl CARIKOM a kote lang angle a.  Lidè ayisyen an  plede tou an favè patisipasyon  pwofesyonèl ayisyen nan sekretarya CARICOM nan.

Nan somè sa a k ap pran fen vandredi 6 jiyè a, deba yo chita, antwòt, sou avni peyi nan rejyon an, refòm nan sekretarya CARIKOM nan ki baze nan peyi Guyana, devlopman ann Ayiti, san bliye Kou Jistis  Karayib yo (CCJ) .

Nòt la  presize tou objektif patisipasyon Ayiti nan somè a se defini angajman gouvènman Pòtoprens la pou l tabli yon politik nasyonal ki kapab fasilite  entegrasyon total-kapital peyi a nan kominote karaib la, egzèse  tout dwa l ak obligasyon l nan blok rejyonal la, e sutou asire yon prezans nan tout nivo òganizasyon an.
Fowòm sa a fèmen
Kòmantè
     
Poko gen kòmantè sou fowòm nan. Si ou vle, ou ka tounen premye moun ki kòmante sou li.

 

Swiv nou sou rezo sosyal yo