Accessibility links

Breaking News

Yon Pwojè Pou Elimine Epidemi Kolera a sou Zile Hispanyola a


Minis Sante Piblik ayisyen an Florence Duperval Guillaume
Minis Sante Piblik ayisyen an Florence Duperval Guillaume
Sa pa gen lontan gouvènman ayisyen ak dominiken mete ansanm pou lanse yon operasyon tèt ansanm pou dechouke epidemi kolera nan zile a 2 peyi yo pataje.

Operasyon sa a lanse ak sipò patnè tankou Òganizasyon Panameriken La Sante/ OMS, Sant Maladi Kontròl ak Prevansyon( CDC) UNICEF san bliye Òganizasyon Non-Gouvènmantal yo.

Inisyativ la vize amelyore aksè ak dlo potab, amelyorasyon sistèm sanitasyon 2 peyi yo, sipèvize kalite dlo moun ap bwè, ranfòse surveyans kontwòl maladi a.

Minis Sante Piblik ayisyen an Florence Duperval Guillaume te prezan nan yon seremoni ki fèt nan Washington kote yo lanse 3 zièm faz pwojè Operasyon Dechouke maladi Kolera a.

Pwojeksyon ki fèt nan 10 pwochèn ane yo montre Ayiti kapab depanse 2 milya 400 milyon dola nan dlo, enfrastrikti sanitè ak lòt sèvis. Dominikani pwojte pou l envesti 70 milyon dola nan menm domè n nan.

Klike sou ikon ki agoch yo pou w koute deklarasyon Minis Sante Piblik ayisyen an Florence Duperval Guillaume ak yon repotaj Jean Robert Philippe.
XS
SM
MD
LG