dimanch 26 me 2013, 03:51 GMT

Nouvèl / Ayiti

Tamara Bélizaire: Manman yon Jèn Atis Ayisyèn

Tamara Bélizaire ak pitit li Dayana Mercier Tamara Bélizaire ak pitit li Dayana Mercier
x
Tamara Bélizaire ak pitit li Dayana Mercier
Tamara Bélizaire ak pitit li Dayana Mercier
Dimansyon Lèt yo - +
Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Nan edisyon Pawòl Timoun vandredi 29 jen an , Jacquelin Belizaire resevwa kòm envite spesyal Tamara Bélizaire ki se manman Dayana Mercier  ki se yon  jèn  chantez ki sou wout pou  tounen yon chantèz entènasyonal.

Vrèmanvre , manman Dayana , ak tout papa l Ansito Mercier( gwo kibòdis ), ta renmen pou pitit fi yo genyen yon karyè entènasyonal  e pou pote drapo ayisyen bien wo.

Nan pwogram sa a , Tamara Belizaire pataje eksperyans kòm mè-d-famiy  ki te gen pou l te fè edikasyon yon ti fiyèt ki montre bonè li gen don pou l chante e li gen atirans tou pou tou ak aktivite imanitè .

Tamara envite tout paran pou yo pa meprize talan pitit yo pandan li egzòte-yo pou akonpaye yo nan tout aktivite yo  kit li gen arevwa  lekòl oswa lòt aktivite  tankou aktivite kiltirèl , rekreyatif  ou spòtif.
 
Si ou vle konnen plis sou pwogram sa a klike sou ikòn ki agoch la.
Fowòm sa a fèmen
Kòmantè
     
Poko gen kòmantè sou fowòm nan. Si ou vle, ou ka tounen premye moun ki kòmante sou li.

 

Swiv nou sou rezo sosyal yo