Depite Jean Phenel Tannis (Plato Santral) lanse apèl bay gouvènman Martelly-Lamothe la pou mande l pibliye yon vèsyon kreyòl Konstitisyon amande a.
Daprè palmantè a, majorite pèp ayisyen an pale e konprann kreyòl sèlman; e otorite yo gen obligasyon pou yo mete manman lwa peyi a la dispozisyon tout popilasyon an.
Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon repòtaj korespondan nou Jean-Christophe Collegue ki nan Mirbalais.