Lidè Konsèvatè Antonis Samaras prete sèman kòm nouvo Premye Minis Grèk apre 3 pati politik antann yo pou fòme yon nouvo koalisyon.
Nouvo Premye Minis la gen plan renegosye kondisyon ki genyen nan yon prè sou dèt entènasyonal peyi a.
3 pati politik, Pati Nouvo Demokrasi Msye Samara a, Pati Demokrat Goch ak Pati Sosyalis la jwen yon antant sou fòmasyon koalisyon an apre 2 jou edmi negosyasyon.
Msye Samara rankontre Prezidan Grèk la Carolos Papoulias avan li prete sèman.