samdi 25 me 2013, 10:31 GMT

Nouvèl / Entènasyonal

Siri: Yon Oganizasyon Dwamoun Pibliye yon Rapò ki di Gouvènman an Itilize Vyolans Seksyèl sou Timoun

x
Dimansyon Lèt yo - +
Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Gwoup dwa zimen Human Rights Watch  fè  konnen fòs gouvènmantal  siryen yo  itilize vyolans seksyèl pou maspinen gason, fanm ak tigason ke yo kenbe pandan 15 mwa leve kanpe  k ap fèt nan peyi a kont gouvènman prezidan Bashar al-Assad la. 

Gwoup sa a ki baze nan Nouyòk soti yon rapò kote yo di sòlda ak milisyen ame ki an favè gouvènman an  abize seksyèlman  fanm ak ti fiyèt ki gen 12 zan konsa. Gwoup la presize rapòl la baze sou  entèvyou li fè ak ansyen  prizonye ki dekri  abi yo sibi ak zak maspinay ki pase anba je yo tankou vyòl, maspinay ak chèz elektrik.    
 
Obsèvatè Nasyon Zini debake nan vil Al-Haffeh jedi 14 jen an apre fòs gouvènmantal finn desitire militan opozisyon nan zòn nan, e nan moman anvwaye spesyal siryen nan Moskou rejte kategorikman nouvèl kif è konprann Larisi ap founi elikoptè konba bay Siri.

Minis afè etranje ris la Sergei Lavròf  demanti tou nouvèl ki fè konnen  kòmkwa Larisi, yon alye kle Damas,  ap konsidere  yon plan politik ki gen ladann depa Prezidan Assad sou pouvwa a nan Siri
Fowòm sa a fèmen
Kòmantè
     
Poko gen kòmantè sou fowòm nan. Si ou vle, ou ka tounen premye moun ki kòmante sou li.

 

Swiv nou sou rezo sosyal yo