Accessibility links

Breaking News

Plis Ti Moun Viktim nan Lagè Afganistan an

Nasyonzini fè konnen gen plis ti moun ki viktim nan lagè nan Afganistan, avèk yon total 5 ti moun ki mouri oubyen blese chak jou nan peyi sa a.

Nan yon nouvo rapò yo pibliye, sekretè jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon di plis pase 1700 ti moun mouri oubyen domaje nan konfli ane pase pa rapò ak prèkse 1400 ki te sibi menm sò a an 2010.

Daprè rapò a , yo rekrite plis pase 300 ti moun ki gen mwens pase 18 tan pou al batay nan Afganistan kote rebel Taliban yo ap goumen ak fòs lokal e entènasyonal yo.
This item is part of
XS
SM
MD
LG