Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bashar al-Assad pale de sitiyasyon an nan Peyi Siri


A patizan rejim Damas la kenbe yon pòtrè Prezidan siryen an, Bashar al-Assad (Foto achiv)
A patizan rejim Damas la kenbe yon pòtrè Prezidan siryen an, Bashar al-Assad (Foto achiv)
Prezidan siryen an, Baser al-Assad, bay nan televizyon yon kalte entèvyou li pa bay souvan, kote li fè konnen gouvènman n nan ap goumen ak teworis ki gen apui entènasyonal – e non pa avèk militan kap mande demokrasi- nan kad yon oprerasyon sere-boulon pou konbat yon mouvman leve-kanpe ki la depi 14 mwa deja. Nan menm entèvyou sa a –ke misye Al-Assad bay yon chèn televizyon Larisi- li akize obsèvatè l’ONU yo deske yo kritike enjisteman sa yo rele zak vyolans twoup gouvènmantal yo ta komèt, tandiske, daprè li, obsèvatè sa yo fèmen je yo sou atak teworis ap lanse.

Pandansetan, mèkredi 16 me 2012 la, twoup gouvènmantal yo te vide gwo koutzam lou sou yon rejyon kote yon konvwa l’ONU tap pase. Militan yo di omwen 9 moun mouri. Madi 15 me a, yon bonm ki te eksploze arebò yon wout, te touche yon lòt konvwa Nasyon Zini, men okenn obsèvatè pat blese. Majò-Jeneral Robert Mood, kòmandan misyon obsèvasyon l’ONU an, reyaji pou l di -nap site:

"Li klè kalte vyolans sa a, se yon tip vyolans nou pa ta vle wè; alos, mwen ta renmen di chak moun e tout moun kap sèvi ak vyolans kont pèp siryen an ou kont kominote en tènasyonal la ki genyen obsèvatè yo kòm reprezantan sou teren an, eben, map di yo ke y o ta dwe sispann poze zak konsa. Sa pa pap pote okenn kontribisyon nan travay pou reyalize aspirasyon pèp siryen an.”

Yon lot kote, Obsèvatwa Dwamoun Siryen an, ki baze nan La Grand Bretay, fè konnen fòs gouvènmantal yo ouvè koutzam sou vil Khan, nanpati nòdwès peyi SIri, kote 5 moun pèdi lavi yo. Zak vyolans sa a dewoule yon jou aprè omwen 20 moun ki te nan yon antèman te mouri nan menm rejyon an; atak sa a te fèt pandan moun yo te sou wout pou simityè.
XS
SM
MD
LG