Accessibility links

Breaking News

Misyon Imanitè Pou Batiman HSV 2 SWIFT Nan Kap Ayisyen


Misyon Imanitè Pou Batiman HSV 2 SWIFT Nan Kap Ayisyen
Misyon Imanitè Pou Batiman HSV 2 SWIFT Nan Kap Ayisyen

HSV 2 Swift la deja debake materyèl imanitè e medikal ki vo 4 milyon dola pou òganizasyon non-gouvènmantal (ONG) ak lòt enstitisyon kap travay nan domèn medikal la, lekòl nan Mirebalais ak nan Kap-Ayisyen

Bato ameriken HSV 2 rive nan vil Kap-Ayisyen, nan Depatman Nò peyi Dayiti, kote lap patisipe nan yon misyon Kòmandman Sid Etazini an ki rele “Eskal Patenarya Meridional 2012”. Ayiti se dènye etap nan kwazyè batiman an ki deja ale nan Repiblik Dominikèn, Salvadò, Guatemala, Pewou ak Panama.

HSV 2 Swift la deja debake materyèl imanitè e medikal ki vo 4 milyon dola nan kad yon pwojè ki rele Handclaps. Materyèl sa yo pral jwenn òganizasyon non-gouvènmantal (ONG) ak lòt enstitisyon kap travay nan domèn medikal la, lekòl nan Mirebalais ak nan Kap-Ayisyen.

Selon yon nòt anbasad amerikèn nan peyi Dayiti fè parèt, pwojè Handclaps, se yon pwogram Lamarinn Etazini pou transpòte abò bato materyèl edikasyon (founiti klasik) asistans imanitè ak don yo ranmase nan sektè prive a bay pou mennen nan peyi etranje ki benefisye èd sa a.

Batiman HSV 2 Swift la genyen yon ekipaj 90 manm; pami yo espesyalis nan domèn konstriksyon, operasyon pòtuè, espesyalis nan medsinn ak nan sekirite ki pral travay ak tokay ayisyen yo pandan vizit sa a ki dwe dire 3 semèn pou repare yon lekòl ak yon sant sante kap sèvi 14. mil abitan nan rejyon Caracol.

Pèsonèl la pral òganize tou atelye fòmasyon pou ajan Polis Nasyonal Ayisyèn nan e pou Gadkòt, diskite ak espesyalis ministè Lasante Ayiti a sou kesyon ki gen pou wè ak sante piblik e ak swen veterinè.

Nòt anbasad amerikèn souliyen “vizit batiman an antre nan kad angajman san rete Lèzetazini vizavi Ayiti e vizavi gouvènman ayisyen an e se yon repons pou priyorite otorite ayisyen yo tabli nan domèn sante ak sekirite a".

XS
SM
MD
LG