Accessibility links

Breaking News

Etazini: Chanm Sena a Vote Kont Lwa Buffett la


Isit Ozetazini, repibliken nan Chanm Sena a bloke yon pwojè-lwa ki te gen pou objektif enpoze yon nouvo taks minimòm sou milyonè yo, yon plan Prezidan Barack Obama ap soutni nan moman 2 pati yo ap fè pwopozisyon sou taks ak ekonomi.

Sena a vote 51 pou e 45 vwa kont pou anpeche pase lwa sa a ki rele “ Lwa Buffett la”. Mezi sa a ta pral tabli yon mwayèn taks minimòm de 30 pousan pou moun k ap fè plis pase yon milyon dola pa ane.

Anpil gwo bacha ameriken peye mwens taks paske leta mete yon ti kal taks sou lajan yo fè nan biznis . Nan yon deklarasyon Prezidan Obama fè soti imedyatman apre vòt la fè konnen , Repibliken yo chwazi pwoteje rediksyon taks an favè yon ti ekip milyonè.

Prezidan Obama dekri pwopozisyonn nan kòm yon kesyon de “bon sans” e li di Etazini pa ka kontinye ap founi rediksyon taks pou moun ki pi rich yo alòske peyi a ap fè fas ak gwo defisi bidjetè.

Repibliken yo di plan Lamezon Blanch la pap ede rezoud pwoblèm ekonomik peyi a , pami yo kreyasyon travay.
XS
SM
MD
LG