Accessibility links

Breaking News

Posib Jijman Prezidan Martelly ak Premye Minis Lamothe nan Afè Lanmò Jij Jean Serge Joseph la


Madam Jistis
Madam Jistis
Ann Ayiti, yon komisyon senatoryal ki tap mennen ankèt sou lanmò Jij Jean Serge Joseph, fè rekòmandasyon pou Sena a erije li an tribinal pou l jije Prezidan Michel Martelly ak Premye Minis Laurent Lamothe. Pou jijman sa a fèt, Chanm Depite a ta dwe aksepte konklizyon sena a, sètadi akizasyon deske chèf deta a ak chèf gouvènman an gen responsablite nan lanmò jij la.

Youn nan manm komisyon an, Senatè Anic Joseph, di rezilta ankèt la montre 2 lòt ofisyèl, Minis Jistis la, Jean Ronel Sanon, ak dwayen tribinal sivil Pòtoprens la, Jean Michel Raymond, ta dwe konparèt devan lajistis pou yo reponn kesyon sou responsablite pa yo tou nan afè a.

Klike sou “Koute” pou swiv yon repòtaj korespondan nou Rotchild François Junior, ki reponn kesyon Jean Robert Philippe sou dosye sa a.
XS
SM
MD
LG