Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Eleksyon : Enpas La Pèsiste nan Mitan Komisyon Bi-Kameral la


Ayiti-Eleksyon : Pandan jou ap pase, sanble enpas la ap pèsiste nan nivo komisyon bi-kameral ki responsab pou chwazi reprezantan palman an nan Kolèj Tranzitwa Konsèy Elektoral Pèmanan an (CTCEP). Youn nan senatè ki fè pati komisyon an, Jean-Baptiste Bien-Aimé, di Lavwadlamerik komisyonè yo lanse apèp bay prezidan 2 chanm palman an pou mande yo fè gwoup la jwenn « termes de référence » yo , dekwa pou komisyon an kapab kòmanse travay .

Yon lòt kote, yon gwoup politisyen (ki genyen ladan n fanm kou gason), te fè yon rankont nan jounen madi 26 fevriye 2013 la pou yo te fin prepare e voye bay palman an yon dokiman ki kapab tounen yon pwopozisyon-lwa.

Si palman an vote dokiman sa a, lap tounen yon lwa sou finansman kanpay elektoral ann Ayiti. Youn nan pèsonalite ki patwone e patisipe nan redaksyon pwopozisyon-lwa sa a, se ansyen minis enfòmasyon ak zafè fanm, Marie Laurence Jocelin-Lassègue, ki pale ak laprès pou l di rezon-dèt demach sa a se, antwòt, konbat koripsyon nan kanpay elektoral.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon repòtaj Rotchild François Jr. depi Pòtoprens.
XS
SM
MD
LG