Accessibility links

Breaking News

6 Grand Pwisans Mondyal Rankontre Sou Pwogram Nikleyè Teheran an


Responsab ki soti nan 6 grand pwisans mondyal plis Iran rankontre pou diskite sou pwogram nikleyè Teheran an ki koze gwo pale-anpil.

Rankont sa a se chita pale ki pi resan ki fèt pou kalme enkyetid ki egziste depi 10 zan sou swa-dizan Iran pap travay san-pran-souf pou devlope zam atomik lakay li.

Rankont ki fèt nan Almaty nan peyi Kazakhstan te gen ladann reprezantan gwoup 5 peyi plis 1 an a savwa: Lezetazini, Grand’Bretay, Lafrans , Larisi, Lachin ak L’almay .

Obsèvatè yo pa atann yo aske rankont sa a debouche sou yon pwogrè kèlkonk.
Sekretè deta ameriken John Kerry lanse apèl pou repiblik Islamik la jwen yon solisyon diplomatik sou dosye anbisyon nikleyè li a.

Chèf diplomasi amerikèn nan rankontre nan Bèlen ak tokay alman li Guido Westerwelle anvan li fè chita-pale pita nan jounen an ak chanselye alman an, Angela Merkel.
XS
SM
MD
LG