Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Eleksyon : Komisyon Bikameral la Pral Eli yon Biwo Definitif


Ann Ayiti, komisyon bi-kameral palman an, ki fòme pou chwazi reprezantan pouvwa lejislatif la nan Kolèj Tranzitwa Konsèy Elektoral Pèmanan an, ap reyini lendi 25 fevriye a pou mete sou pye yon biwo definitif apre yo te fòme yon biwo pwovizwa.

Pandansetan Prezidan Michel Martelly rankontre ak 3 manm Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a ki nan CEP a nan lide pou rezoud enpas ki genyen akoz 3 manm sa yo derefize demisyone pou pèmèt 3 nouvo manm CSPJ a pran plas nan enstitisyon elektoral.

Klike sou ikon agoch la pou koute yon repòtaj Rotchild Francois Junior depi Pòtoprens.
XS
SM
MD
LG