Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Enfòme Kongrè a Li Voye Avyon San Pilòt Ameriken Nan Niger


Foto yon avyon telegide "Drone" Lame de lè ameriken an. Non angle li: Predator-Predatè
Foto yon avyon telegide "Drone" Lame de lè ameriken an. Non angle li: Predator-Predatè
Responsab ameriken nan kesyon defans fè konnen Lèzetazini depeche plizyè avyon telegide (Drone) nan peyi Niger (sou kòt wès kontinan afriken an) pou y al fè vòl rekonesans e siveye sa k ap pase nan rejyon an e apiye sòlda franse kap lite kont militan islamis yo nan peyi Mali--yon peyi ki pataje fwontyè avèk Niger.

Otorite sa yo di laprès avyon yo pral gen baz yo toupre kapital nijeryen an, Niamey, kote yon kontenjan 100 espesyalis ameriken pral opere aparèy yo.
Prezidan Etazini Barack Obama enfòme Kongrè a vandredi pou di li fòs ameriken sa a la sèlman pou ede kolekte ransèyman.

Nan lèt li voye bay palmantè yo, misye Obama pa di egzateman ki kote avyon san pilòt yo pral baze. Men kèk responsab militè ki mande pou non yo pa site, di sòlda yo ki rive Niamey mèkredi se plis sòlda lame de lè amerikèn nan ki pral jere itilizasyon "drone" yo.

Responsab ameriken yo fèkonnen avyon san pilòt yo laba a sèlman pou siveye sa kap pase atè nan rejyon an e yo pa genyen missil abò yo (kidonk, yo pa ame).

Lèzetazini ak alye ewopeyen li yo krenn pou militan al-Qaida ak alye gwoup teworis la pap chèche etann enfliyans yo nan Afrik de Lwès la pou fè rejyon an tounen yon menas pou rès mond lan.
XS
SM
MD
LG