Accessibility links

Breaking News

EJIP: Mohammed el-Baradei Mande Elektè yo Bòykote Eleksyon 27 Avril la


Mohamed El-Baradei pandan li t ap bay yon entèvyou 24 Novanm 2012 nan vil Kèr, For achiv
Mohamed El-Baradei pandan li t ap bay yon entèvyou 24 Novanm 2012 nan vil Kèr, For achiv
Yon gwo responsab nan opozisyon an nan peyi Ejyp lanse apèl pou mande elektè yo bòykote eleksyon palmantè ki genyen pou dewoule nan peyi arab la. Mohammed El-Baradei deklare li pap patisipe nan eleksyon prezidan islamis Mohammed Morsi anonse nan koumansman semèn nan.

Misye Morsi fikse vòt la pou 27 avril, men otorite yo anonse samdi ya’p anvizaje chanje dat la apre manm minorite kretyen Kòpt yo soulve kèk objeksyon. Vrèmanvre, dat 27 avril la ap koresponn ak kalandriye relijye kretyen yo, anpalan sezon karèm ak fèt Pak la.

Misye El-Baradei, yon ansyen responsab Ajans Entènasyonal Enèji Atomik Nasyonzini an, kalifye pwochen eleksyon palmantè yo kòm yon «desepsyon » . Sepandan, lòt lidè nan opozisyonan pa di si yo dakò ak apèl misye El-Baradei la.

Depi chit rejim prezidan Hosni Moubarak la, Islamis yo ranpòte preske tout eleksyon ki dewoule nan Ejip.
XS
SM
MD
LG