Accessibility links

Breaking News

Japon : Defisi Komèsyal la Ogmante a 17 milya 400 milyon dola


O Japon, defisi komèsyal la ogmante a 17 milya 400 milyon dola nan mwa janvye a, se defisi ki pi 3 zyèm pi gwo ekonomi mondyal la janm anrejistre.

Enfòmasyon ministè finans japonè a fè parèt montre yon rebondisman ankourajan nan ekspotasyon yo, avèk yon du plis 6,4 pou san mwa pase a konpare a ane anvan an.

Men enpòtasyon ogmante seriezman a 7,3 pou san nan moman Japon kontinye ap ogmante depandans li sou petwòl avèk gaz k ap soti nan lòt peyi.

Enpòtasyon petwòl Japon vin pi plis depi tranblemanntè ak tsunami ane 2011 la ki te fòse pifò enstalasyon nikleyè li yo an pann.

Sa ki fè sitiyasyon an pi grav toujou, sèke pri petwòl enpòte a monte 17 wotè nan mwa ki pase yo nan moman deviz Japon an vin fèb.

Envestisè yo pa okipe move nouvèl sou ekonomi an sepandan aksyon Tokyo yo fémen a 0,84 pou san.
XS
SM
MD
LG