Accessibility links

Breaking News

Yon Sòlda Fransè Mouri nan yon Konfwontasyon nan Mali


Prezidan fransè a, Francois Hollande, fè konnen youn nan sòlda peyi li mouri nan yon konfwontasyon avèk militan islamis yo nan pati nò peyi Mali.

Daprè ministè defans fransè a, yon afè de 20 militan tonbe nan lese-frape sa a ki dewoule aprè sòlda fransè ak malyen te lanse len 18 fevriye a yon operasyon pou yo dechouke militan yo kote yo kache nan rejyon nò a.

Sòlda fransè ki mouri a te fè pati yon gwoup parachitis. Se 2èm militè fransè ki tonbe nan Mali depi Lafrans te fè entèvansyon an nan peyi afriken an nan mwa janvye pase a.
XS
SM
MD
LG