Accessibility links

Breaking News

Irak - Vyolans: Eksplozyon Bonb Fè 28 Mò nan Bagdad


Nan Irak, branch rezo al-Kaida genyen nan peyi a pran responsablite pou eksplozyon yon seri de bonm ki fèt nan kapital la, Bagdad, kote 28 moun mouri e plis pase 100 lòt blese. Eksplozyon sa yo rive nan yon seri katye kote majorite moun yo se arab chiyit.

Afilye al-Kayda kap opere nan Irak la e ki rele Eta Islamik Irak la, fè parèt lendi yon deklarasyon kote li di li lanse atak sa yo pou l pran revanj li pou sa li konsidere kòm atak Leta te lanse kont sitwayen arab sinnit yo.

Dènye Atak sa yo, ki dewoule dimanch 17 fevriye 2013 la, frape kèk mache an plennè ki tap fonksyone anndan kapital la e nan kèk zòn ki ozalantou Bagad. Kaye ki rele Site Sadèr la se youn nan zòn kote atak yo fè plis dega ; genyen 3 machin pyeje ki eksploze nan site a.
XS
SM
MD
LG