Accessibility links

Breaking News

Yon Lapli Meteyorit Koze Gwo Panik nan Larisi


Nan Larusi, otorite yo fè konnen yon lapli meteyorit frape rejyon Montay Oural la vandredi 15 fevriye 2013 la ; sa pwovoke anpil eksplozyon epi kraze fenèt divès kay. Daprè menm sous-la, anviwon 1000 moun blese nan rejyon konsène a –anpil nan yo se moso klas fenèt kraze ki blese yo.

Otorite lokal yo di tout yon pan-mi ak yon tèt-kay sibi gwo dega nan yon eksplozyon ki fèt nan yon izin kote yo eksplwate metal ki rele zenk la, nan vil Chelyabinsk.

Lapli meteyorit la frape rejyon an kèk èdtan sèlman anvan yon gwo asteroyid, ki rele D-A-14/2012, genyen pou l pase trè prè Planèt Tè a. Ajans Espasyal Lèzetazini an, LA NAZA, fè konnen asteroyid sa a, ki mezire 45 mèt de lajè, byen kapab rive sou yon distans 27 mil kilomèt ak Latè.

Sepandan, La NAZA ensiste pou l di pa genyen danje pou asteroyid la frape planèt tèrès la. Bò kote pa li, ajans espasyal ewopeyen an pibliye sou kont Twitter li yon enfòmasyon ki di lapli meteyorit ki pase nan Larusi a pa genyen okenn rapò avèk prezans asteroyid la.
XS
SM
MD
LG