Accessibility links

Breaking News

Arestasyon Atlèt Olenpik Oscar Pistorius nan Afrik di Sid


Nouvèl ki sòti Afrik di Sid fè konnen lapolis poze arestasyon atlèt olenpik Oscar Pistorius nan kad ankèt otorite yo ap mennen sou lanmò yon dam aprè yo te jwenn kadav dam sa a lakay atlèt la, nan vil Pretoria.

Pòtpawòl lapolis, kolonel Katlego Mogale, pale ak Lavwadlamerik pou l bay detay sou ankèt la; daprè sa li fè konnen, otorite yo deja konsidere lanmò dam nan kòm yon ka asasina.

Kolonèl Mogale di:
“Granm maten nan jounen jedi a, lapolis te resevwa yon apèl ki te mande pou l ale sou plas, lakay Oscar Pistorius, nan Pretoria, kote moun te tande tire. Lè lapolis te rive, yo te jwenn pèsonèl lopital sou plas alantou yon dam 30 tan ki te bezwen swen medikal; men, sekouris yo te gen pou rekonèt dam nan te mouri sou plas."

Daprè laprès lokal, dam nan sete mennaj Oscar Pistorius; men pòtpawòl lapolis la pa konfime ni demanti nouvèl sa a. Kolonèl Mogale ajoute lapolis jwenn yon pistolè 9 milimèt nan kay la e misye Pistorius genyen pou li konparèt nan tribinal pi ta nan jounen jedi a.
XS
SM
MD
LG