Accessibility links

Breaking News

Mesaj sou Eta Inyon an / Repons Senatè Repibliken Marco Rubio


Senatè Repibliken Marco Rubio
Senatè Repibliken Marco Rubio
Pèsonalite ki prezante repons Pati Repibliken an pou mesaj Presidan Obama sou “Eta Inyon an”, se senatè Eta Florid Marco Rubio, yon etwal montant’ nan pati opozisyon an; yo menm nonmen non Misye Rubio kòm yon posib kandida a la prezidans nan eleksyon ane 2016 la.

Senatè Rubio lanse kritik pou l di plan refòm ekonomik prezidan Obama pwopoze yo, repoze twòp sou depans gouvènman an. Nan repons Misye Rubio a, li di pèp ameriken an:

”Tankou nou tande sa aswè a, pratikman solisyon prezidan an pwopoze pou chak pwoblèm nap konfwonte, se pou Washington mete plis taks sou nou, prete plis lajan e depanse plis kòb.”

Sepandan, Misye Rubio pataje opinyon Prezidan Obama sou nesesite pou refòm fèt nan sistèm imigrasyon ameriken an; men Senatè Florid la mande yon aplikasyon pi serye e pi rijid lwa ki deja ekziste yo.
XS
SM
MD
LG