Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Kanaval Nasyonal Edisyon 2013 la Rive sou Dènye Jou li


Ann Ayiti, pi presizeman o Kap-Ayisyen, kanaval nasyonal la, edisyon ane 2013 la, ap fini madi 12 fevriye a. Nouvèl yo di tout bagay byen pase jiskela.

Sepandan kèk òm politik ak manm sektè prive a --tankou yon lidè byen koni nan mond vodouyizan an, Max Beauvoir-- regrèt le fèt ke otorite yo entèdi patisipasyon kèk gwoup mizikal paske tou senpleman yo konpoze mereng kanavalèsk ki kritike gouvènman Martelly-Lamothe la.

Daprè obsèvatè sa yo, sete yon okazyon pou otorite yo montre grandè dam yo e montre le mond antye yap travay vrèman pou triyonf prensip demokratik yo nan peyi d Ayiti.

Obsèvatè sa yo di, pa egzanp, prezidan ayisyen an pa ta dwe pè kritik ; paske, se gras a deba san baboukèt, kote pèp la kapab egzèse dwa lapawòl li an tout libète, Ayiti va monte finalman sou wout demokrasi a.

Klike sou ikonn ki agoch la pou w koute yon repòtaj korespondan nou Clarens Renois.
XS
SM
MD
LG