Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon aprè Kore di Nò Fin Lanse yon Lòt Fize Nikleyè


Kore di Nò reyalize yon lèt lanzman fize byen bonè madi 12 fevriye 21013 la –yon aksyon ki vyole sanksyon Nasyon Zini lage sou do peyi a.

Se 3èm fize konsa Pyongyang lanse, yon aksyon ki pwovoke mekontantman kominote entènasyonal la, avèk Lèzetazini an tèt. Ansyen senatè ameriken John Kerry --ki fèk jwenn konfimasyon kongrè a kom nouvo sekretè deta--, reyaji pou l di:

« Sa rive nan moman pèp nò-koreyen an ap mouri grangou. Peyi sa a bezwen tounen yon sosyete ki pi ouvè e ki pi byen konekte ak rès mond la, olye pou li kenbe lakay li katye kote moun ap viv nan plis malsite nan lemond… kote otorite yo ap kraze zo moun e kenbe yo nan travo fòse… »

Sepandan, kèk obsèvatè panse kritik ou pa kritik --menm se se kritik ki soti bò kote gwo puisans mondayl yo-- lidè nò-koreyen yo pral kontinye ak pwogram nikleyè yo a jan yo vle. Balbina Wang, pwofesè syans politik kap anseye nan Inivèsite Georgetown, nan Washington, deklare.

“Pou kritik yo ak sanksyon yo ta bay bon rezilta, se si e sèlman si Kore di Nò vle repran pras li nan mitan kominote entènasyonal la. Men pwoblèm nan, sè ke nò-koreyen yo pat jam enterese retounen nan kominote entènasyonal la.”

Espesyalis yo panse tès fize nò-koreyen yo fè l vin pi difisil pou kominote entènasyonal la mete yon fren nan pwogram nikleyè peyi Iran an, paske Pyongyang ak Teyeran ap travay ansanm pou yo devlope teknoloji nikleyè.
XS
SM
MD
LG