Accessibility links

Breaking News

Ayiti - USA : Fen yon Vizit Minis Edikasyon Vanneur Pierre nan Washington


Minis edikasyon peyi d Ayiti a, Vanneur Pierre, ap mete fen vandredi 8 fevriye 2013 la nan yon vizit 5 jou li tap fè nan Washington kote li chache enterese bayèdefon yo nan nesesite pou yo finanse plan operasyonèl refòm sistèm edikatif la ann Ayiti.

Nan yon konferans ki dewoule nan Wilson Center, nan kapital Etazini an, kote piblik la te genyen ladan n, antwòt, envestisè evantyèl yo e ak reprezantan divès sektè enterese, minis Pierre bay detay sou plan gouvènman ayisyen an genyen pou l pote chanjman nan yon sistèm espesyalis yo konside kòm pase e depase, ki pa koresponn ak reyalite peyi a ap viv jounen jodi a.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon repòtaj Jean-Pierre Leroy ki te prezan nan konferans Misye Pierre la.
XS
SM
MD
LG