Accessibility links

Breaking News

7 Fevriye 1986 - 7 Fevriye 2013 : Sèvis Kreyòl la Gen 27 An


Premye ranje (de goch a dwat): Lyonel Desmarattes ak Coralie Saint-Louis - 2èm ranje: Ronald César, Jn-Pierre Leroy, Jacques Jn-Baptiste ak Jn-Robert Philippe.
Premye ranje (de goch a dwat): Lyonel Desmarattes ak Coralie Saint-Louis - 2èm ranje: Ronald César, Jn-Pierre Leroy, Jacques Jn-Baptiste ak Jn-Robert Philippe.
Jedi 7 fevriye 2013 la, fè 27 lane jou pou jou depi premye pwogram regilye Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la te antre nan lè a; e depi lè sa a, li genyen yon pwogramasyon pèmanan ki pa janm sispann ogmante, devlope, grandi.

Vrèman vre, se nan dat 7 fevriye 1986 --jou finisman dinasti Duvalier a, nan okazyon depa pou legzil Jean-Claude « Baby Doc » Duvalier-- otorite yo nan Lavwadlamerik te deside vini ak yon segman kreyòl ki tap antre nan lè a chak jou pou mete oditè yo okouran sa k tap pase ann Ayiti, yon peyi ki te kòmanse yon tranzisyon demokratik ki ta pral pi long pase sa anpil moun te espere.

Anvan pwogramasyon kreyòl sa a te tounen yon pati nan emisyon chak jou estasyon an, Lavwadlamerik te konn pase yon ti ribrik enfòmasyon 5 minit nan lang kreyòl ayisyen an ki te konn pase chak vandredi apremidi nan fen pwogram espayòl la; jounalis ki te konn prepare e prezante segman sa a, se Henry Francisque ki tap travay pou Sèvis Fransè VOA pou Lafrik la. Radyo a te lanse segman sa a pou la premyè fwa nan jounen kote prezidan ameriken Ronald Reagan te sibi yon atanta nan kòmansman ane 1981. Men, se a pati depa Jean-Claude Duvalier -7 fevriye 1986-- pwogram oditè yo konnen jounen jodi a te kòmanse, toujou avèk jounalis Henry Francisque ki te jwenn asistans Jacques Roche ki tap travay pou Ajans Enfòmasyon Lèzetazini an (United States Information Agency, USIA).

Aprè sa, lè responsab yo te deside elaji kad pwogramasyon kreyòl la, lòt jounalis ta pral vini pou ranfòse ekip la. Se konsa oditè yo ta pral tande vwa Sandra Dominique; yo tap gen tou pou yo vin abitye ak vwa --youn aprè lòt-- Lyonel Desmarattes, Fred Williams, Guilaine Salomon McAfee, Yves Colon, Chérubin Dorcil, Jacques Jean-Baptiste, Sherley Anilus, Judith Laventure Brossard, Fagnole Demesmin, Marie-Luce Pierre, Ronald César, Serge Michel, Paul Gustave Magloire, Jean-Robert Philippe, Ed Lozama, Jacquelin Bélizaire, Serge Rodriguez, Daly Valet, Jean-Pierre Leroy, Pierre-Nazon Beaulière epi, antwòt, Jacques Price Jean ak Wakimg Exumé. Depi anviwon 3 zan, nou gen yon espesyalis k ap jere sit entènèt nou an : se Coralie Saint-Louis.

Pèfòmans ekip kreyòl la, mete sou evolisyon sitiyasyon politik, sosyal e ekonomik la ann Ayiti --yon sitiyasyon ki te pase pa « des hauts e des bas » pandan preske 30 tan depi ranvèsman rejim Duvalier a-- ebyen, sityasyon espesyal sa a ta pral pèmèt sèvis la pran plis ekstansyon rapidman. Se konsa, emisyon an pral pase de 17 minit dabò, epi 30 minit ansuit (2 fwa pa jou), pou l tounen 3 emisyon 30 minit 3 fwa pa jou; e finalman, depi tranblemandetè 12 janvye 2010 la, 3 pwogram 1nèdtan : 7:30 - 8:30 AM, 12:30 – 1:30 PM, epi 5:00-6:00 PM, aprè program midi 30 la te pase plis ke yon lane ap dire 2 zèd tan. Gen 2 pwogram wikenn ki dire 30 minit e ki pase samdi ak dimanch ant 12:30 e 1:00 PM, epi ant 5:00 e 5:30 PM.

Nou pa kapab bliye korespondan nou genyen Ozetazini, nan Gwadeloup, Kanada, Repiblik Dominikèn e sitou nan peyi d Ayiti; epi afilye nou yo ki jwe yon gwo wòl nan efò ki fèt pou Sèvis Kreyòl la genyen plas li okipe jounen jodi a pami radyo kap emèt nan lang kreyòl la.

Depi fondasyon Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la le 7 fevriye 1986, 3 direktè pase nan tèt li : Santiago Jorgé Mena avèk Oscar Minoso Bachiller -2 ameriken dorijin latino-amerikèn- epi direktè aktyèl la, Ronald César, ki se yon ayisyen.

Nan okazyon 27èm anivèsè sa a, ekip ayisyen ki nan estasyon an pran angajman pou l toujou mete yon travay pwofesyonèl devan oditè fidèl li yo, pandan l ap respekte deviz orijinal radyo a ki di :

« Nouvèl yo kapab bon ; nouvèl yo kapab pa bon. Men nap toujou di w laverite.»
XS
SM
MD
LG