Accessibility links

Breaking News

Etazini - Defans : Pentagòn nan Ranvwaye Depa yon Lòt Pòt-Avyon pou Gòlf Pèsik la


6일 미국 워싱턴 조지타운 대학에서 연설하는 리언 파네타 미 국방장관.
6일 미국 워싱턴 조지타운 대학에서 연설하는 리언 파네타 미 국방장관.
Ozetazini, Pentagòn nan pran desizyon pou l ranvwaye egzekisyon plan pou l te voye yon lòt pòt-avyon pran pozisyon nan rejyon Gòlf Pèsik la devan posiblite pou kongrè ameriken an koupe sou bidjè Depatman Defans la.

Pandan minis defans la, Leon Panetta, tap pale Washington mèkredi 6 fevriye 2013 la, li di pa le fèt ke manm kongè a pa ka rive antann yo pou yo vote lwa ki enpòtan, sa kapab genyen move konsekans sou kalite lavi pèp ameriken an.

Misye Panetta deklare : "Travay manm kongrè a kapab deranje seryezman ekonomi amerikèn nan ki deja frajil e sa kapab diminye kapasite nou pou n koresponn ak yon kriz, gzattemnan nan yon moman kote enstabilite ap monte toupatou sou planèt la, depi Afrrik di Nò pou rive nan Kanal Dormouz la, depi Siri pou rive nan Kore di Nò."
XS
SM
MD
LG