Accessibility links

Breaking News

4 Mò Omwen e Plizyè Kay Kraze nan yon Sounami ki Frape Pasifik la


Yon gwo kokenn chenn tranblemanntè souke kèk zile ki nan Oseyan Pasifik la kote soukous la pwovoke yon sounami ki detrui anpil kay e touye omwen 4 moun. Tranblemanntè a --ki mezire 8 pwen sou echèl Rikcter la-- frape yon rejyon kote pa tèlman gen anpil moun kap viv, tou prè zile Salomon yo.

Aprè sa, yon sounami ki te genyen yon mèt de wotè, te kouvri tè a sou chèn zile yo sou yon distans 500 mèt konsa. Otorite yo pat pran tan pou yo leve yon avètisman kont soumani.

Biwo Nasyon Zini ki okipe zafè imanitè fè konnen li resevwa rapò ki di gen 4 moun ki pèdi lavi yo, tandiske 2 lòt disparèt sou youn nan zile Salomon yo –an palan de zile Santa Cruz-- tou prè sant tranblemanntè a. Daprè biwo l’ONU an toujou, sounami an kraze anpil kay tradisyonèl pandan dlo lanmè a tap travèse rivaj la pou l monte sou lagrann tè.

Jewològ e espesyalis nan kesyon tranblemanntè, Dale Grant kap travay pou Sant Ameriken pou Rechèch Jewolojik, fè Lavwalamerik konnen o-wemn 14 lòt soukous dèyè-manman te swiv premye gwo trannblemanntè a.

Misye Grant deklare:
“Mwen kapab di se yon seri de gwo soukous ki fèt nan yon bann rejyon elwaye. Alòs, nou gen anpil chans pa tèlman gen anpil moun kap viv nan zòn sa yo”

Otorite sou zile konsène yo ap mennen ankèt sou nouvèl ki fè konnen anpil vilaj sibi dega oubyen detrui nan kèk rejyon kote li difisil pou moun ale.

Otorite yo te lanse avètisman kont sounami divès kote atravè Osean Pasifik la, tankou sou zile Vanuata, Nauru, Papwa Nouvèl Gine, Tuvalu, Nouvèl Kaledoni, Fiji ak Kiribati. Sepandan, tankou nou ekri sa deja, yo pat pran tan pou yo leve avètisman sa a. John Lansley, yon komisè polis sou Zile Salomon, fè konnen otorite yo lanse yon ankèt pou yo konnen egatteman ki enpòtans dega sounami an koze.

Komisè Lansley di :
"Nou panse genyen 3 oubyen 4 zile ki afekte. Nou poko konnen egzatteman ki dimansyon dega yo; e mwen pa vle fè sipozisyon. Sepandan, nap fè tout sa n kapab pou n jwenn plis enfòmasyon sou kantite dega gwo lanm-lanmè yo koze. Nou pa konnen non plis tou ki kantite moun ki ta mouri, menmsi nou kwè fòk genyen mò kanmèm."

Seri soukous dèyè-manman ki fèt yo, lagè gwo kè-sote atravè tout zile Salomon yo, yon bannzil ki a-lès Papwa Nouvèl Gine, kote yon afè de 600 mil moun ap viv
XS
SM
MD
LG