Accessibility links

Breaking News

Angajman Lafrans pou l Kontinye Konbat Rebèl Islamis yo nan Mali


Minis afè etranje fransè a, Laurent Fabius, deklare lame fransez la pral kontinye atake rebèl Islamis yo nan Mali jous kote mesye sa yo al kache nan pati nò peyi a.

Daprè chèf diplomasi fransèz la, avyon militè peyi li kontinye bonbade wout mesye rebèl yo konn itilize pou yo transpòte minisyon ak apwovizyonnman, menm jan yap bonbade kan kote yo konn antrene nan yon dezè ki byen lwen nan pati nòdès Mali.

Misye Fabius kontinye pou l di objektif la se fè l vin enposib pou militan islamis yo rete lontan nan rejyon an.

Reprezantan kèk òganizasyon entènasyonal ap rankontre madi 5 fevriye 2013 la ak otorite malyen yo pou yo pale de efò ki nesesè pou pote stabilizasyon nan peyi a
XS
SM
MD
LG