Accessibility links

Breaking News

Lond: Somè Afgano-Pakistanè sou Patwonaj Premye Minis David Cameron


Nan vil Lond, premye minis britanikla, David Cameron, ap patwone, lendi 4 fevreiye 2013 la, yon rankont ant prezidan pakistanè a, Asif Ali Zardari, avèk prezidan afgan an, Hamid Karzai.

Se 3èm rankont kap dewoule ant 3 lidè yo depi yon te lanse yon seri de rankont nan mwa jiyè 2012 la nan vil Kaboul, kapital Afghanistan ; aprè sa, yo te fè yon 2èm an septanm 2012 nan vil New York, Ozetazini.

Sepandan, somè vil Lond la se premye rankont ki reyini otorite militè ak responsab sèvis sekrè afgan ak pakistanè, an plis de lidè politik yo.

La Grand Bretay ta renmen pou 2 peyi azyatik vwazen yo travay ansanm pou yo ankouraje estabilite rejyonal, nan moman Lond ap fè preparasyon pou l wete twoup militè li genyen nan Afganistan yo anvan fen ane 2014 la.
XS
SM
MD
LG