Accessibility links

Breaking News

Ed Koch, Ansyen Majistra Vil New York, Mouri a 88 An


Ansyen majistra vil New York, Ed Koch, mouri byen bonè vandredi premye fevriye 2013 la nan yon lopital nan Manhattan. Li te genyen 88 tan. Nan tout istwa vil New York, se youn nan majistra ki te pi gran panpan e ki pat konn mete dlo nan bouch li pou l di sa l panse. Koz lanmò misye Koch, se yon defayans kadyak. Anvan sa, li te soufri ak yon seri de maladi depi li te kite mèri New York la sa gen plis pase 20 tan.

Ed Koch te pase 3 manda nan tèt administrasyon kominal pi gwo vil amerikèn nan. Li te vin gen repitasyon kòm yon fawouch pwomotè vil la. Se yon nonm ki te gen lapawòl rapid; li te gen tèt-di lè l tap defann yon opinyon e pafwa misye pat gen pyès pwoblèm pou l fè mal-elve an piblik.

Lè Misye Koch te sou pouvwa a kòm majistra, se san pèdi tan li te tounen yon selebrite, paske byen souvan li te patisipe nan pwogram «libre tribune » nan radyo ak televizyon, e menm nan film sinema. Se 24 sou 24 jounalis te konn chache entèvyou nan men l pou yo te jwenn kòmantè li sou aktyalite a, paske yo te byen konnen Majistra Koch te gen yon bagay dwòl kanmèm pou l di a nenpòt ki moman.

Aprè Ed Koch te kite mèri New York la an 1989 aprè yon administrasyon ki te dire 11 zan, li te toujou rete nan aktyalite a kote li te parèt nan televizyon kòm yon analis ki tap fè kòmantè sou mond politik la oubyen sou vi sosyal la ; li te konn fè analiz sou sinema, sou « la bonne cuisine » e menm parèt kòm jij nan yon pwogram televizyon trè popilè ki rele « People’s Court », oubyen Tribinal Pèp la. Nan yon entèvyou li te bay jounal New York Times an 2009, li te di li pa gen okenn regrè pou jan l te dirije vil New York. An 2012, li te youn nan premye lidè Pati Demokrat la ki te leve lavwa pou di li apiye kandidati Barack Obama pou yon 2èm manda kòm prezidan Lèzetazini.
XS
SM
MD
LG