Accessibility links

Breaking News

Atanta Teworis Devan Anbasad Amerikèn nan Ankara, Kapital Tiki


Nouvèl ki parèt nan laprès fè konnen yon atak kamikaz devan anbasad Etazini nan kapital Ankara touye yon moun pou pi piti.

Menm sous yo fè konnen anvan sa te fè konnen 2 gad sekirite pèdi lavi yo nan eksplozyon an. Anbilans ak ponpye te kouri al pote sekou.

An 2008, 3 nèg ak zam ak 3 polisye te pèdi lavi-yo nan yon atak devan konsila ameriken an nan Istanboul.
XS
SM
MD
LG