Accessibility links

Breaking News

Larisi Denonse Atak Lame Izrayèl ta Lanse nan Siri


Larisi di akizasyon kòmkwa Izrayèl ta lanse plizyè atak sou teritwa peyi Siri a, se yon bagay kli ba li gwo preokipasyon.

Ministè afè etranjè ris la di, si aksyon konsa verifye, yo ta reprezante aktak inilateral sou yon peyi souvren e se t ap yon vyolasyon chat Nasyonzini an.

Daprè nouvèl depaman ki te parèt mèkredi 30 janvye 2013 la sou atak ayeryen yo, otorite siryen yo deklare avyon degè izrayelyen te tire sou yon enstalasyon kote rechèch militè ap fèt tou pre kapital Siri a, Damas, kote 2 moun mouri.

Laprès ann Izrayèlyen e nan peyi oksidantal yo rapòte Izrayèl lanse yon lòt zòn tou pre fwontyè Siri ak Liban.

Daprè menm sous yo toujou, atak sa a te vize yon konvwa ki tap fè livrezon pyès pou misil ki ta pral jwenn Ezbola, yon gwoup milisyen chiyit ki se ennmi fawouch Izrayèl e ki baze nan Liban.
XS
SM
MD
LG