Accessibility links

Breaking News

Etazini - Imigrasyon: Prezidan Obama bay Detay sou yon Nouvo Plan Refòm


Ozetazini, Prezidan Barack Obama fè konnen “lè a rive pou peyi a genyen yon refòm nan sistèm imigrasyon an ki fè sans”, yon fason pou regilarize sitiyasyon yon afè de 11 milyon moun k ap travay aktyèlman nan peyi a, men ki nan yon sitiyasyon ilegal.

Pandan Misye Obama te pran lapawòl madi 29 janvye 2013 la nan vil Las Vegas, nan Eta Nevada, li bay detay sou objektif yon nouvo pwojè-lwa sou yon refòm global e elaji, ki gen ladan n yon plan siviyans fwontyè ki pi entèlijan e pi fò, e ki ofri posiblite pou imigran san papye yo vin sitwayen ameriken.

An menm tan tou, pwojè-lwa-a ta pote amelyorasyon nan sistèm imigrasyon ki egziste deja a, yon fason pou atire Ozetazini: “Moun ki pi bon e ki briyan nan lemond yo.”

Prezidan ameriken an di travay pou pote refòm nan sistèm imigrasyon an se yon travay ki posib; sepandan li rekonèt sa kapab pwovoke kèk deba chofe e pasyone.

Misye Obama deklare:
“Pa tèlman genyen anpil bagay ki pi enpòtan pou nou, an tan ke yon sosyete, pase kesyon pou n konnen ki moun ki ka vin isi a pou yo konsidere Lèzetazini kòm peyi yo; pase kesyon pou konnen kilès ki ka vin sitwayen ameriken. Se yon gwo koze pou nou. Lè nou konsidere sa sou plan abstrè, se fasil pou koze a tounen yon diskisyon kote yon gwoup leve kont yo lòt; kote se « nou » kont « zòt ». E, lè sa rive, pafwa gen moun ki konn bliye ke anpil nan « nou » te nan plas « zòt ».

Senatè Marco Rubio --yon repibliken Eta Florid e youn nan patwon plan bi-patit sa a-- fè konnen manm Kongrè ameriken an genyen obligasyon pou yo regle sitiyasyon imigran ilegal yo, menm jan yo dwe trete an tout jistis dosye etranje kap chache antre Ozetazini an pasan pa mwayen legal yo. Senatè repibliken Eta Alabama, Jeff Sessions, pataje opinyon sa a.

Misye Sessions di :
«Nou kwè nan imigrasyon; men nou kwè nan lalwa tou. Nou kwè moun yo ta dwe rete tann tou pa yo, menm jan nou kwè nou dwe aksepte yo nan peyi isit –swa plis pase yon milyon pa ane. Sepandan fòk sa fèt nan lòd e non pa nan dezod. Nou pa ta dwe ap rekonpanse sila yo ki vyole lalwa; sa ki ta fè l vin pi difisil pou sila yo ki respekte règ jwèt la. »

Lendi 28 janvye a, yon gwoup senatè ameriken ki te gen ladan n palmantè demokrat ak republiken, te prezante pwòp plan refòm pa yo pou sistèm imigrasyon Lèzetazini an anvan Prezidan Obama te fè diskou l la nan Las Vegas.

Daprè plan senatè yo, imigran ilegal yo tap genyen pou yo enskri nan yon pwogram gouvènman an ta mete sou pye; yo t ap gen pou yo pase yon egzamen kote otorite yo verifye dosye «bonne vie et meurs» yo ; yo tap peye kèk amand poutèt yo te viv ilegalman nan peyi a, ak enpo si yo dwe taks sou lajan yo fè, epi satisfè kèk lòt kondisyon, dekwa pou leta ameriken ba yo yon stati ki ta pèmèt yo kontinye viv e travay nòmalman Ozetazini.

Fòmalite sa yo pap nesesè pou timoun ki te antre nan peyi a avèk manman e papa yo e ki ale lekòl Ozetazini, menm jan yo pap nesesè pou travayè agrikòl ki jwe yon wòl nan travay pou kenbe an plas sistèm apwovizyonman ak sikilasyon manje nan peyi a.
XS
SM
MD
LG