Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Jistis: Marie D. Bernadin Kite Tonbe Akizasyon Vyòl Kont Mèt Josué Pierre-Louis


Ann Ayiti, Marie Danielle Bernadin --ki te lage akizasyon vyòl sou do Mèt Josué Pierre-Louis, yon ansyen minis jistis epi prezidan konsèy elektoral pèmanan gouvènman an vle mete sou pye a-- anonse li deside kite akizasyon l nan tonbe.

Madam Bernadin, ki anonse desizyon an atravè biwo avoka li e ki bay detay nan konferans poulaprès nan matine jounen madi 29 janye 2013 la, di pèsonn pat fòse li wete akizasyon an.

Li konfime nouvèl ki fè konnen plizyè manm fanmi li oblije kite peyi a akoz menas yo te resevwa ; kanta pou li menm, li te deside rete ann Ayiti pou l te konnen ki suit lajistis tap bay dosye a. Dènye mo li : « Mwen se yon kretyèn; e mwen deside padone. »

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon entèvyou Marie D. Bernadin bay Lyonel Desmarattes.
XS
SM
MD
LG