Accessibility links

Breaking News

Somali - Vyolans : 2 Mò nan yon Atanta bò Lokal Biwo Prezidan an ak Premye Minis la


Nouvèl ki soti nan Somali fè konnen yon atanta suisid dewoule nan yon gwo zòn kote palè nasyonal la ak rezidans Premye Minis la sitiye.

Bilan : omwen 2 moun mouri. Atak sa a rive madi 29 Janvye 2013 la nan yon konplèks ki rele Villa Somalia, nan sant Mogadisyo, nan moman yon gwoup sòlda te nan zòn nan. Prezidan an ak Premye Minis la pa pami moun ki mouri ni sa ki blese yo.

Okenn moun ni gwoup moun poko pran responsabilite pou atak la; men rebèl gwoup militan al-Shabab la, ki gen bon jan rapò avèk rezo al-Qaida, abitye lanse atak suisid konsa avèk aktivite geriya kòm mwayen pou yo manifeste rebelyon yo kont gouvènman somalyen an.
XS
SM
MD
LG