Accessibility links

Breaking News

Etazini: Nouvo Pwojè Lwa Pou Limite Kantite Zam nan Peyi a


Yon gwoup palmantè ameriken devwale yon pwojè-lwa ki entèdi zam daso stil militè: yon gwo moso nan yon pwopozisyon administrasyon Obama a pou kontwole zam.

Senatè Demokrat Dianne Feinstein deklare pwojè lwa sa a vize ‘ede mete fen nan fiziyad an mas ki devaste anpil fanmi e simen laterè nan kominote yo.’’

Pwojè lwa sa a ap anpeche fabrikasyon, enpòtasyon ak lavant plis pase 150 zam a fe, ak tout pyès ki ka transfòme zam òdinè pou fè yo tounen zam daso. Li entèdi tou katouchyè ki ka tire 10 bal san rete.
XS
SM
MD
LG