Accessibility links

Breaking News

Mali: Fòs Gouvènmantal yo ap Vanse sou Rebèl yo


Nan peyi Mali, fòs gouvènmantal yo avèk apui fòs aeryèn fransèz kontinye ap vanse nan direksyon teritwa nan nò peyi a ki anba men rebèl yo.

Responsab militè yo di fòs aeryèn fransèz yo bay rebèl yo yon bon replik kote yo ede sòlda fransè e malyen ki kontinye ap mache sou rejyon Gao ki reprezante yon bastyon kote rebèl yo ap opere.

Rebèl yo pran kontwòl pi fò nan pati nò Mali depi anviwon 10 mwa kote yo enpoze yon entèpretasyon strik lwa islamik la e gen anpil laperèz pou zòn nan pa tounen yon abri pou teworis
XS
SM
MD
LG