Accessibility links

Breaking News

Sena Ayisyen an Renouvle Manda Manm Biwo li a Pou yon Lòt Peryòd 1 An


Ann Ayiti, senatè yo vote madi 15 janvye 2013 la pou yo renouvle manda manm biwo a pou yon lòt ane.

Konsa Senatè Dieuseul Simon Desra (Plato Santral) rete prezidan Gran Kò a, tandiske Senatè Andris Riché (Grand-Ans) ap kontinye okipe plas vis-prezidan an.

Lòt manm yo se Fritz Carlos Lebon, kestè ; Steven Benoit, premye sekretè; epi John Joël Joseph, 2èm sekretè. Chanm Depite a ap vote mèkredi 16 janvye a pou l fòme biwo pa l la.
XS
SM
MD
LG