Accessibility links

Breaking News

Vyolans ann Irak : Preske yon Ventèn Moun Mouri nan Atak Kamikaz


Bandi kamikaz eksploze plizyè machin pyeje nan nò Irak kote 15 moun pou pipiti mouri nan vil Kirkuk e 4 lòt nan Tuz Khurmatu.

Nan Kirkurk ofisyèl yo fè konnen youn pami eksplozyon yo rive andeyò Pati Demokratik Kurdistan an pandan yon lòt bonm eksploze nan menm zòn nan. Plis pase 100 moun blese nan atak sa yo.

Jodi Mèkredi 16 Janvye a plizyè santèn moun te asiste fineray palmantè enfliyan Sunnit Ifan Saadoun al-Essawi ke yon kamikaze touye yè Madi 15 Janvye a nan pwovens Anbar ki sitiye nan Lwès Irak.
XS
SM
MD
LG