Accessibility links

Breaking News

Argo, Lincoln ak Les Misérables, Pran Mayòl nan Golden Globes Awards yo


Film Argo bay anpil sipriz lè li ranpòte gwo mayòl nan remiz Pri Golden Globes Awards yo nan Hollywood. Film sa a resevwa pri pou meyè dramatizasyon epi sineyas la, Ben Affleck, pase men pran pri meyè direktè a.

Daniel Day-Lewis pat tèlman gen pwoblèm pou li ranpòte pri meyè pèfomans yon aktè pou wòl li jwe nan yon film dramatik ki rele Lincoln (dayè se wòl prezidan Lincoln nan misye jwe), tandiske Jessica Chastain resevwa pri meyè aktris dramatik la pou wòl li nan Zero Dark Thirty. Les Misérables genyen pri pou meyè komedi a oubyen pou kategori mizikal; e vedèt prensipal film nan, Hugh Jackman, ranpòte pri meyè pèfòmans yon aktè nan yon komedi oubyen nan yon mizikal.

Ansyen prezidan Bill Clinton te bay sa kèk obsèvatè konsidere kòm meyè pèfomans sware a. Vrèman-vre, Misye Clinton te fè yon parèt ki siprann preske tout moun e se tout piblik la ki te leve-kanpe pou bat bravo anvan li te menm kòmanse pale.

Ansyen prezidan ameriken an te entwodwi imaj video film Lincoln nan ke sineyas Steven Spielberg te pwodui e ki rakonte istwa prezidan Abraham Lincoln ki te dirije Lèzetazini pandan Lagè Sivil la nan 19èm sièk la.

Se manm Asosyasyon Près Etranjè Holliwood la ki vote pou chwazi gayan pri Golden Globes yo. Souvan moun konsidere seremoni sa a kòm yon avan-gou pou pri akademi yo (Academy Awards) ki pral dewoule mwa pwochen an.
XS
SM
MD
LG