Accessibility links

Breaking News

Reyinyon Konsèy Sekirite l’ONU an sou Sitiyasyon an nan Mali


Sou demand Lafrans, Konsèy Sekirite l’ONU an ap reyini lendi 14 janvye 2013 la pou fè deba sou sitiyasyon an nan peyi Mali, kote avyon militè fransè bonbade pou yon 3èm jounen youn aprè lòt, dimanch 13 janvye 2013 a, pozisyon rebèl ismalik yo okipe.

Otorite yo nan Pari anonse yo pap kanpe atak yo kòmanse kont sa yo rele “gwoup teworisyo”, yon atak fransè yo lanse nan moman ekstremis islamik yo, ki te okipe pati nò Mali, te menase pou yo mache sou pati sid peyi a.

Minis defans Lafans la, Jean-Yves Le Drian, pale pou l di, nan jounen dimanch la, 4 avyon de gè fransè bonbade kan antrènman rebèl islamik yo ak depo lojistik yo genyen tou prè vil Gao.

Sou demand gouvènman malyen an, Lafrans te voye twoup militè nan peyi afriken an; sepandan minis afè etranjè fransè a, Laurent Fabius, ki t ap pale sou antèn Radio France Internationale, fè konnen operasyon an ap dire kèk semèn sèlman.

Pandansetan, yon gwoup militan islamik ki rele «Ansar Diné» lanse menas pou li pran revanj sou Lafrans. Se konsa prezidan fransè a, François Hollande, pran desizyon pou l ranfòse mezi sekirite yo nan peyi li. Nap raple ke gwoup militan ki geyen lyen ak rezo teworis al-Kaida, te mete men sou pati nò Mali nan mwa Mas ane 2012 la, aprè yon gwoup sòlda rebèl te ranvèse gouvènman an --sa ki te kite peyi a tanporèman san yon pouvwa etabli.
XS
SM
MD
LG